06/12/2026
Konpayi avyon American Airlines anonse li pral rekòmanse vòl li yo sou Ayiti apati premye novanm 2026, avèk retou yon vòl dirèk chak jou ant Miami ak Okap. Desizyon sa a mete fen ak plis pase yon lane kote konpayi an te sispann operasyon vòl li yo sou peyi a.
American Airlines pral sèvi ak yon Boeing 737 ki gen 172 plas, ladan yo 16 plas nan klas afè ak 156 plas nan klas ekonomik. Konpayi an prevwa yon vòl chak jou pou satisfè demann kap ogmante ant Ayiti ak Etazini.