01/03/2025
Happy New Year 🎆🎊🎈
TSS Loyalty ap swete tout kliyan li yo yon bòn ane 2025 pandan n’ap koube’n byen ba pou’n exkize’n pou reta ki genyen nan livrezon koli yo ke’n te promèt pou fen ane 2024 la.
N’ap fè’w konnen ke tout koli yo deja AYITI pou kounya, men pwosesis dedwanman yo pran plis tan ke nou te prevwa.
N’ap komanse fè livrezon Okap le 8, Gonaïves ak St-Marc le 9, Port-au-Prince le 11 Janvier epi Aux Cayes ak rès yo apati 14.
Si’w vle resevwa koli a nan yon lòt vil ki diferan ak kote ou te endike ke’w tap resevwa li an, tanpri di nou sa avan 7 Janvier. Pou tout enfòmasyon ak update ou bezwen sou livrezon an, tanpri kontakte dirèkteman oswa sou whatsapp biwo TSS Loyalty kote wap resevwa koli ou a.
Yon lòt fwa anko, exkize’n pou reta e enkonvenyan sa koz men nou asire’w ke nouvo dat livrezon yo ap respekte epi tout kliyan ap resevwa koli yo jan yo te voye yo an sen e sof.
Mèsi paske’w chwazi TSS Loyalty