Elite Flex Travels

Elite Flex Travels Here's Everything You Need to Travel the world � �

06/21/2023

Edem silvouplè

08/31/2022

Gen de moun se pwazon vyolan yo ye. Pa kite yo nan amtouraj ou

08/31/2022

Pas gaspiye tanw nan eseye konvenk yon konesè, ki toujou pansel gen rezon

07/20/2022
Happy Canadda Day!
07/01/2022

Happy Canadda Day!

Bassin Bleu haïti
06/30/2022

Bassin Bleu haïti

06/24/2022

Jezi pase avèm. Abòne

06/23/2022

Pa trouble la pè pitit Bondye. Abòne

06/22/2022

PA KITE REZO SOSYO DETWIW.
- Ou se yon moun ki gen valè, men paskew pa gen bèl kay, bèl machinn 🚗 dènye 📱 IPhone lan pouw poste, ou pansew pap viv.

- Pa konpare la viw avèk pa lòt moun, paske poste bèl foto sou rezo pa vle di byen viv pou sa. Anpil ladan yo se fake. Mw pa jeneralize.

- Anpil ladan yo renmen avèk yon granmoun, ke yo pap janm poste, poutan se lajan granmoun 🤥 lan ki fè yo fre sou rezo a. Jou granmoun 🤥 lan pete koken, wap wè vrè vi yo.

- Eskew konnen konbyen moun 👩 kap viv san dinyite, jis pou yo ka montre lòt moun ke yap byen viv sou rezo sosyo? Poutan yo souri 😆 selman lè yap fè yon foto ou yon video. Aprè sa, la vi yo se yon lanfè 😔. Men ou menm ki byen alèz, wap di pitow tap byen mennen menm jan a moun sa yo. Paskew jis wèl ap poste yon vi ki pa gen anyen pou wè a reyalitel.

- Ou se yon bèl fi, men paskew pa ka fè anpil like sou rezo sosyo, ou komanse pansew pa bèl e menm pa kwè nan tèt ou. Poutan gen anpil moun ou wè ki gen anpil like sou rezo, epi bò lakay yo, yo san valè, paske tout moun konnen, yo kouche a chen 🐕, a 🐈‍⬛ chat pou yo achte tlf 📱 ki gen bon kamera, fo cheve, tenis, ti rad,makiyaj e Photoshop se pa pale.

- Gen anpil moun ki rete nan yon ti kay 🏡 nòmal e dèfwa prèske kraze, menw wè tout fotol fèt nan bèl kay 🏘, bèl kabann 🛌 , bèl salon 🛋 , bèl otèl, piscine 🏊‍♀️ , etc. Jis reflechi, èskew prè pouw bay sa moun sa a bay la, poul ka al fè foto sa yo, nan kay sa yo. Sil ta diw doulè li gen aprè bèl foto sa yo. Ou tap dil non mèsi. Kitew poste ti kay paw la. Mw pa jeneralize.

- Ti fotow yo te ka pi bèl wi. Menw pako gen mwayen pouw fè yo nan bèl otèl 🏨, plaj 🏖 piscine 🏊‍♀️ restoran, bèl machinn 🚘 , etc. Pran pasyans, pa fè foli pou bagay sa yo. Paske gen anpil moun ou wè kap poste bagay sa yo. Se ti po devan yo, yo fè tounen paswa jis pou yo ka fèw panse yap byen viv. Ou wè yap souri, men yo gen yon enfeksyon kap manje ti bout anba yo. Gen gason tou ki bay kraze vit dèyè yo, paske yo bezwen fè wè yap byen viv. Mw pa jeneralize.

- Pitow ap mennen yon vi nòmal ak dinyite olye wap byen pase sou rezo, epi nan vi reyèl ou, ou mizerab paskew pa gen anyen, ke kèk bèl foto sou rezo sosyo avèk like 👍🏻 e views. Men ou san dinyite devan moun ki konnenw.

- Rete moun 👩 ou ye, pa vann dinyitew pou plezi ni pou fè moun wè wap byen viv. Pou tanw konnen se manti.

- Pa kite rezo sosyo defini la viw. Rezo sosyo fèt pou ou,men ou pa fèt pou rezo sosyo, se ou menm ki pou dirije rezo sosyo.

- Ou pa konn sa zanmiw 👩 la fè poul fre sou rezo sosyo, sispann konpare tèt ou avèl. Poste saw genyen, wap jwenn moun ki renmenw konsa, paskew otantik.

Viv la viw, epi tann moman paw la. Pouw ka poste yon vre vi,menm jan avèk anpil moun ki pap vann yon fo vi sou rezo a. Ely

Pa strese pou komantè negatif sou rezo sosyo
06/09/2022

Pa strese pou komantè negatif sou rezo sosyo

KÒMAN REYAJI ANFAS YON DELEKAN SOU FACEBOOK, TIKTOK, INSTAGRAM, WHATSAPP ? Nan video sa ou pwal aprann koman pouw reyaji anfas yon delekan sou facebook, yon ...

Address

Orange County
Miami, FL

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Elite Flex Travels posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Featured

Share