12/12/2024
Fòk gen chanjman!
2025 pa sipoze minm jan ak 2024. Nan tout sans.
Voye je’w gade otou de ou, evalye anvironman w, poze tèt ou kesyon :
Kisa moun saa te pote de nouvo nan vi m pandan ane 2024 la ?
Kisa m apran de sitiyasyon/relasyon saa pandan ane 2024 la?
Ki sak positiv, ki amelyorasyon, si matirite, ki sipò zanmitay sa te pote nan vi m pandan tout tan min sitou pandan ane 2024 la?
Ki itilite, ki kè kontan, ki konfò, ki byennèt fanmi saa te pote nan antouraj mwen ane 2024 la?
Li ok pou chwazi tèt ou;
Li ok pou viv pou ou;
Li ok pou di non, ase;
Li ok pou chanje fizi w epòl;
Li ok pou bloke, koupe kontak, retire nan vi w tout moun ki anpeche w viv byen;
Li ok pou rekomanse otan de fwa ke w kapab;
Li ok pou deklare 2025 la, se yon nouvo ane min tou se pral yon nouvo ou minm, ke w pral aprann renmen o detriman de tout bagay, tout moun.