30/03/2026
👉Lè w ap pase TSA nan ayewopò, ou konn remake gen kèk ajan ki toujou chita devan gwo ekran òdinatè.
E anpil fwa ou konn mande tèt ou: kisa moun sa yo ap fè egzakteman?
👉An reyalite, se yo menm kap gade anndan valiz yo lè yo pase nan machin X-ray la.
Yo pa wè valiz la tankou nou menm, yo wè tout sa ki anndan li: laptop, likid, fil, batri, zouti, tout bagay.
👉Se poutèt sa pafwa yo konn kanpe valiz ou, yo mande pou louvri li, oswa yo mande w retire kèk bagay.
Se paske sou ekran an, gen yon bagay yo pa twò wè klè sou li oswa yo bezwen verifye li.
✅Sa montre nou yon bagay:
Sekirite nan ayewopò pa fèt sèlman kote ou wè yo ap fouye valiz.
Gen anpil sekirite ki fèt dèyè ekran, an silans.